Kòman Ou Kapab Eritye Lavi Etènèl Ke Bondye Pwomèt Nan Pawòl Li Ki Se Labib?

Bib la di si ou repanti e resevwa Jezi Kris nan lavi-w' kòm Mèt e Sovè, ou ap sove anba pinisyon etènèl lè-w' mouri. Men kijan ou ka chape pinisyon etènèl sa-a.

Èske ou konnen ke li posib pou ou konnen si ou gen lavi etènè? Èske ou te konnen sa-a, daprè Labib, si-w' ou repanti, kite peche-w' yo (Ki vle di regrèt tout bagay mal ke ou te fè ki pa-t' nan volonte Bondye) e resevwa Jezi Kris nan lavi-w' kòm Mèt e Sovè-w', ou ap sove anba pinisyon etènèl ki nan lanfè lè-w' mouri.

Èske ou pa panse sa se yon bon nouvèl?

Èske ou ap pran opòtinite-a pou-w' asepte mesaj sa sou kijan ou kapab genyen lavi etènèl ke Bondye ap ofri-w'. Si-w' vle, Labib gen bon nouvèl pou ou. Konsènan lavi etènèl, Bondye pa nan achte figi moun, paske se yon kado ki disponib pou tout moun.

Se pa wòl nou pou nou konnen kè lòt moun. Moun pa pral nan syèl poutèt bon zèv ke yo fè, ni nan lanfè poutèt peche yo. Sa se yon bon bagay, paske si rezon ki fè moun al nan lanfè se peche yo, tout moun ta prale la. Bondye kreye yon fason pou nou ka chape plas tèrib sa-a.

Kòman yon moun kapab "sove" e devni yon kretyen ki "fèt yon dezyèm fwa"? Kòman ou ka resevwa lavi etènèl pou-w' fè si ke ou pral pase tout etènite ak Bondye lè-w' mouri? Men sa pou-w' fè menm.

Fò-w' admèt ke ou se yon pechè. 
Paske Bib la di ke, "Tout moun fè peche; yo tout vire do bay Bondye ki gen tout pouvwa-a" (Ròm 3:23).

Konnen ke Bondye deja kreye yon fason pou ka resevwa sali-a.
"Paske, Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li p'ap pèdi lavi yo. Okontrè y'a gen lavi ki p'ap janm fini an" (Jan 3:16).

Konnen ke ou pa ka sove tèt ou.

"Li te delivre nou. Li pa t' delivre nou paske nou te fè kèk bagay ki bon, men paske li menm li te gen pitye pou nou. Li delivre nou lè li lave nou, li voye pouvwa Sentespri li nan nou pou chanje nou nèt, pou n' te ka viv yon lòt jan" (Tit 3:5).

Kite peche-w' yo e repanti de yo tou.
"Mwen di nou: Non. Men, si nou menm nou pa tounen vin jwenn Bondye, nou tout n'ap peri menm jan an tou" (Lik 13:3).

Mande Jezi Kris Pou-l' sove-w'.
"Se sa ki ekri nan Liv la: Nenpòt moun ki rele non Met la gen pou jwenn delivrans" (Ròm 10:13). e " Moun ki kwè epi ki resevwa batèm va sove. Men, moun ki pa kwè va kondannen" (Mak 16:16).

Kòman ou kapab fèt yon dezyèm fwa.

Ou ka resevwa kado sali-a e "fèt yon dezyèm fwa jan ke Bib la di-l'" e resevwa lavi etènèl kounyeya menm, menm jan ak plizyè milyon moun nan mond lan, lè ou resevwa Jezi Kris kòm sovè-w'. Kretyen ki sove yo toujou gade sali-a, kòm pi gwo evènman ki te fèt nan lavi yo. E se desizyon tou yon moun p'ap janm regrèt ke l' te fè, paske rekonpans ki ap ret tann ou-an li enkonparab ak sakrifis ke ou gen pou fè sou tè sa-a pou ka swiv Jezi.

Èske ou kapab di priyè sa-a (Di-l' mo pou mo pa enpòtan)? Men si ou sensè, Bondye ap sove-w' imedyatman e ba ou lavi etènèl.

Men priyè-a:

"Bondye, mwen reyalize ke se yon pechè e-m' bezwen padon ou. Mwen kwè ke Jezi Kris te mouri pou peche-m' yo [tout bagay mal ou te fè]. Mwen vle kite peche-m' yo e viv jan de vi ke ou vle pou-m' viv la. M'ap mande Jezi Kris pou-l' vini nan kè-m' e-m' resevwa-l' nan lavi-m' kòm sovè pèsonèl mwen. Mwen chwazi, ak gras Bondye, pou swiv e obeye Kris kòm sovè-m'. Souple padone peche-m' yo e sove-m'"

Ki sa ki vin apre a?
Èske ou ta vle demontre lafwa-w' nan Jezi kounyeya? Fason ou ka fè sa-a, se fè (lòt kretyen) konnen ke ou sove. (Oubyen kite-n' konnen si ou gen yon moun ki pwòch ou ke ou pa si ke-l' sove).

Chache yon Bib e li-l' chak jou pou ka konnen Jezi Kris pi byen.
  • Pale ak Bondye chak jou.
  • Pale ak lòt yo de Kris.
  • Chache yon legliz ki kwè nan Bib la mo pou mo epi batize. Adore, louwe, e sèvi ak lòt kretyen nan yon legliz ki vrèman kwè nan Bib la e kote ke yo preche de Kris.
Kòm yon kretyen ki fèt yon dezyèm fwa ou pral chape plas tèrib ke Bib la dekri ki rele lanfè, ki se yon plas Bondye te prepare pou Satan ak tou zanj rebèl yo. Moun al nan plas sa-a, se pa paske Bondye voye la, oubyen Bondye te kreye-l' pou yo. Men se paske yo rejte kado sali-a ke Bondye ofri yo an Jezi Kris, ki t'ap pèmèt chape plas touman sa-a.